Conjoncture Perquisition chez Youri Chévry Précision du commissaire du Gouvernement de PortauPrince
17 hours ago
Intro
Komisè Gouvènman Tribinal Premye enstans Potoprens lan, mèt Fritz Patterson Dorval pote presizyon sou pèkisyon Pakè pòtoprens ak Direksyon santral polis jidisyè DCPJ fè kay majistra Pòtoprens lan, Youry Chévry.
Dapre mèt DORVAL operasyon sa pat vize direkteman majistra Youry Chevry, men se yon seri pis «DCPJ» ak pakè Pòtoprens genyen y ap travay sou yo ki mennen yo nan kay kote majistra Chevry te ye a.














