Conjoncture / Elections / Martial Beneche / Réactions
janvier 8, 2026 6:58 pm
Yon lòt bò, responsab pati politik DEHFI a, doktè Martial Beneche, felisite Konsèy elektoral la pou dekrè elektoral la ki tabli baz legal pou òganize eleksyon yo. Toutfwa, kòdonatè DEHFI a pat vle reyaji sou kalandriye elektoral la ki prevwa diferan dat pou operasyon elektoral yo.
Selon Martial Beneche, pou kalandriye a rive aplike gen divès preyalab ki sipoze respekte pami yo kesyon sekirite ki se yon eleman enpòtan pou pèmè pwosesis la enklizif.














