UNEPH - Responsab yo fè yon mès pou inogire yon nouvo lokal
6 hours ago
Responsab yo nan Inivèsite episkopal Dayiti fè yon mès, mèkredi 20 dawout 2025 lan, pou inogire nouvo lokal « UNEPH » la ki twouve l nan nimewo 104 dèlma 95 sou wout frè.
Nan sikonstans lan, selebran an, pè Ricot GEFFRAD remèsye Bondye fidèl la pou gras li fè inivèsite episkopal dayiti « UNEPH » paske l jwenn posibilite pou kontinye akonpaye jenès ayisyèn nan nivo fòmasyon siperyè yo.