Visite du premier ministre Alix Didier Fils-Aimé a la base de la FSG à Tabarre
3 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé vizite, mèkredi 13 me a, baz fòs sipresyon gang yo, ki twouve l nan komin Taba.
Pandan vizit sa, chèf gouvènman an chita pale ak reprezantan fòs represyon gang yo, Jack Christofidies epi reprezantan spesyal sekretè jeneral adjwent Nasyonzini an, Daniela Kroslak, sou deplwaman yon seri inite epi fason yo kapab ale pi rapid ak operasyon pou sène gwoup ak zam yo.
Se te okazyon tou pou direktè jeneral a.i Polis nasyonal DAyiti a, André Jonas Vladimir PARAISON ,ki te akonpaye Premye minis la, vizite enstalasyon teknik ak enfrastikti akèy kontenjan ki fè pati FSG a.
Nan okazyon an, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé raple solda tchadyen yo ki deja sou teren an, sèl misyon yo genyen se tabli sekirite nan peyi a.
Vizit sa montre detèminasyon Leta pou mete sekirite nan peyi a, selon yon kominike ki soti nan biwo kominikasyon Primati











