Affrontement des gangs à la Plaine du Cul-de-Sac / Témoignage d’un parent de victime
mai 21, 2026 7:24 pm
Afwontman gang kriminèl yo nan zòn Plèn nan fè anpil viktim nan mitan popilasyon sivil la. Josué St Vilus se non yon ti adolesan 11 lane ki tonbe anba bal malfwa yo, samedi 16 me 2026 la.
Filisnor St Vilus, ki se papa viktim nan, denonse move sitiyasyon popilasyon laplèn nan ap travèse epi mande konkou otorite yo nan pi wo nivo leta a pou ta ede l chante antèman timoun nan.











