OIDG / Réaction sur le projet de décret en circulation
4 hours ago
Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans (OIDG) eksprime enkyetid li sou chanjman li di gouvènman an pote nan dekrè elektoral revize Konsèy elektoral pwovizwa a voye ba li a.
Responsab yo nan OIDG, nan yon nòt, pale sou bon epi move kote ki chita nan chanjman ki pote nan nan atik 130 dekrè elektoral la.
Prezidan Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans lan, doktè Ambroise Guillaume, ki t ap reponn kesyon kolaboratè nou Rodney Dorléans kwè moman an rive pou otorite konsène yo fè tout sak nan pouvwa yo pou travay anfavè popilasyon.











