MSPP / Message contre la désinformation
3 hours ago
Direktè kominikasyon Ministè sante piblik ak Popilasyon an, Doktè Jeanty Fils EXALUS, pale sou fo enfòmasyon k ap sikile sou vaksinasyon kont difteri a.
Kontrèman ak fo enfòmasyon yo, vaksen kont difteri a pa yon nouvo vaksen, ni tou difteri pa yon nouvo maladi. Doktè EXALUS raple se depi lontan y ap vaksinen moun kont maladi difteri.











