MJSP / Nouveaux pôles judiciaires / Réactions d’Antonal Mortimé et de Loubens Elysée
3 hours ago
Majistra Loubens Elysée felisite otorite jidisyè yo paske yo rive lanse 2 pòl jidisyè ki pral gen pou trete plizyè dosye pami yo krim de mas ak krim finansye.
Majistra Elysée di l swete gen dispozisyon ki pran pou mete mwayen disponib pou pèmèt 2 pòl jidisyè sa yo reponn ak bezwen sitwayen yo.
Sou bò pa l, Ko-direktè kolektif defansè Plus la, mèt Antonal Mortimé, mete aksan sou nesesite pou gen fòmasyon ki adapte ak misyon Majistra yo k ap gen pou travay nan pòl jidisyè yo.











