Haïti–États-Unis / Washington scelle un engagement politique majeur et apporte son soutien absolu.

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, dirije yon reyinyon, vandredi 29 me 2026 la, nan Palè nasyonal, kote Sousekretè Deta Christopher Landau te patisipe.

Nan okazyon an, otorite amerikèn yo pote soutyen total yo ak chèf gouvènman an nan kad jefò pou restore otorite Leta a, konbat gang kriminèl yo epi estabilize enstitisyon yo.

Sousekretè Deta a salye lidèchip ak detèminasyon Premye minis lan pou fasilite òganizasyon pwochèn eleksyon yo.

Sousekretè Deta a ki te gen ak li chaje Dafè Henry T. Wooster, te vizite « Champ de Mars » kote l te konstate otorite yo reprann kontwòl espas la.

Chèf gouvènman an pale sou lapolis k ap reprann pwogresivman kontwòl zòn estratejik yo nan kapital la epi pou Palè nasyonal kapab fonksyone.

Otorite yo pale tou sou ranfòsman PNH la ak Fòs lame Dayiti epi kontinye ak pwogram P4000 plis la nan PNH la.

Retour en haut