Sécurité /Antonal Mortimé / Réaction sur l’opération de la PNH à village de Dieu
3 hours ago
Direktè Egzekitif Kolektif defansè Plis la, Antonal Mortimé, di l ap sipòte tout operasyon fòs lòd yo ap mennen ki vize demantle gang yo kèlkelswa kote yo twouve yo anndan peyi a.
Yon lòt bò, defansè dwa moun nan di l enkyè akoz aprè 5 lane depi gang ame pran kontwòl rantre sid kapital la, okenn gwo operasyon pako janm reyalize pou pèmèt popilasyon an kapab sikile libelibè sou wout nasyonal nimewo 2 a.











