CEP / Réactions des partis politiques sur le nouveau décret électoral
3 hours ago
Plizyè estrikti politik tankou RDNP, SDP, EDE, INITE, INIFOS, PLATFÒM SOLIDARITE, pou n site sa yo sèlman, nan yon kominike yo mete deyò, di yo pa dakò ak desizyon gouvènman an pou mete yon direktè jeneral nan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Zak sa, selon dirijan pati ak regwoupman pati sa yo, temwanye anvi otorite nan gouvènman an pou kontwole aparèy elektoral la, dèyè do lalwa.
Se atik 191 konstitisyon an, ki bay KEP a pouvwa kontwòl sou operasyon elektoral yo, atravè yon direksyon egzekitif konsèy la nonmen, selon kominike sila.
Dirijan politik sa yo, nan nòt sa, fè konnen tou se sèl Konsèy elektoral pwovizwa ki gen responsablite elabore yon dekrè elektoral, sa ki depaman ak desizyon gouvènman an.
Nan sans sa, ansanm estrikti sa yo mande gouvènman an pou tounen sou seri desizyon ki vyole souverènte Konsèy elektoral pwovizwa a. Yo ankouraje l tou pou aji nan sans k ap pèmèt eleksyon yo reyalize nan yon klima sekiritè epi tout moun ka fè konfyans .











