MARNDR/ Installation du DG de l’ODVA
4 hours ago
Minis agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral la, Marcelin Aubourg, enstale, jedi 11 jen an, Figaro Nöel kòm nouvo direktè jeneral Òganis devlopman vale Latibonit « ODVA ».
Nan okazyon an, Minis Marcelin Aubourg raple nouvo responsab ODVA a travay k ap tann li parapò ak pwoblèm ki gen nan depatman an.
Bò kote pa l, nouvo direktè jeneral ODVA a, figaro Noël, salye epi remèsye Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Marcelin Aubourg ki fè li konfyans pou vin okipe pòs sa. Li rekonèt travay k ap tann li yo pa fasil.











