FADH / Précision sur la gestion des allocations de deuil

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Nan yon nòt li mete deyò wo kòmandman fòs lame dayiti a, pote presizyon sou dispozisyon administratif epi finansye FADH la pou lè yon militè mouri. Se nan objektif pou demanti enfòmasyon k ap sikile sou fason FADH la jere dosye lanmò militè yo wo kòmandman pibliye nòt sa.

Responsab yo nan Fòs Lame a fè konnen demach pou ede fanmi militè ki mouri yo respekte kad reglemantè strik epi transparan.
Lè militè mouri, se ministè titèl FADH a li pran anchaj fineray yo. Akote fineray ofisyèl FADH atravè nòt sa fè konnen gen yon frè 100 mil goud ki toujou bay pou ede nan preparasyon veye yo.

Koze plis lajan ki souvan dekese oubyen gen detounman k ap fèt la enfòmasyon sa yo pa gen anyen pou wè ak verite selon sa wo Kòmandman an eksplike nan nòt la.

Wo Kòmandman an bay garanti y ap kontinye travay pou swanye imaj enstitisyon an

Retour en haut