MAEC / Rencontre de la Ministre Raina Forbin et l’OEA
3 hours ago
Minis afè etranjè ak kilt, Raïna Forbin, resevwa vizit, madi 16 jen 2026 la, reprezantan espesyal Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) an Ayiti, Alberto Fohrig, ki te gen ak li Catherine Pognat.
Nan okazyon an, Minis lan prezante prensipal aksyon gouvènman an ap mennen nan lide pou retabli sekirite pou kapab òganize pwochèn eleksyon yo.
Madam Forbin pale tou sou reyentegrasyon jèn yo epi batay kont kriz imanitè a.
Reprezantan Òganizasyon Eta ameriken yo pwomèt pou kontinye akonpaye otorite yo nan jefò pou restore sekirite, pou gen gouvènans demokratik epi fè pwosesis elektoral la vanse.
Wòl lidè relijye yo ak reprezantan sosyete sivil la nan pwomosyon patikilyèman lapè te nan diskisyon yo tou.
2 pèsonalite yo te reyafime volonte yo pou ranfòse koperasyon ant Ayiti ak OEA.











