EDH FESTREDH Position sur l’occupation de la centrale électrique de Carrefour par des groupes armés
3 hours ago
Federasyon sendika travayè elektrisite Dayiti (FESTREDH) denonse ak tout fòs li atak gang kriminèl nan komin kafou fè sou santral elektrik la, kote yo anpeche EDH kontinye alimante popilasyon an kòmsadwa.
Sendika a mande otorite yo nan pi wo nivo leta a pran tout dispozisyon pou ede anplwaye yo tounen travay epi bay popilasyon an bon jan sèvis.
Pi lwen, responsab yo nan FESTREDH pwofite okazyon an pou mande leta santral panche sou dosye Pelig la konsa popilasyon an ap jwenn plis kouran.











