Visite du SG de l’ONU en Haiti Communiqué du Secretaire d’Etat à la Communication, Patrick Chrispin

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Sekretè jeneral Nasyon zini an, António Guterres, te rankontre Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé nan kad vizit ofisyèl li t ap fè nan peyi a 16 jen 2026.

Plizyè manm nan gouvènman an te asiste rankont sa a nan kad ranfòsman koperasyon ant Ayiti ak Nasyon zini nan lide pou gen sekirite ak estabilite nan peyi a ki dwe retounen sou wout demokrasi.

Diskisyon yo te dewoule sou pwogrè ki fèt nan batay kont ensekirite a, ranfòsman enstitisyon yo epi òganizasyon pwochèn eleksyon yo.

Chèf gouvènman an te remèsye sekretè jeneral la pou vizit sa a, pou soutyen Nasyon zini ak kominote entènasyonal la.

Antonio Guterres te vizite yon sant pou deplase ki kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang kriminèl yo, kote li te tande temwayaj plizyè fanm epi mande kominote entènasyonal la mobilize pou kapab ede Ayiti fè fas ak sitiyasyon sa a, daprè yon kominike Sekretè deta Kominikasyon an, Doktè Jean Willio Patrick Chrispin mete deyò.

Retour en haut