Reprise des vols Haïti/République dominicaine / Edwin Paraison
3 hours ago
Yon lòt bò, prezidan Fondasyon ZILE la, Edwin Paraison, reyaji sou repriz vòl yo ant Repiblik Dayiti ak Repiblik dominikèn.
Dapre li, repriz vòl yo reprezante yon etap enpòtan nan nòmalizasyon relasyon ant de peyi vwazen yo.
Li estime desizyon sa a kapab fasilite deplasman moun ak echanj ekonomik yo epi pèmèt lòt kesyon ki afekte relasyon bilateral yo jwenn solisyon dirab atravè yon kad dyalòg ki respekte enterè tou 2 peyi yo.











