Écrologie / Sport / Funérailles de Guérina Faubert
3 hours ago
Fineray ansyèn kolaboratris nou nan Televizyon Nasyonal Dayiti, Guerina Faubert, chante samdi 21 jen an nan Legliz advantis 7e jou ki chita nan Delma 95, zòn Jakè.
Guerina Faubert se yon ansyèn glwa ekip foutbòl feminin tigrès la kote li pase anpil tan ap jwe. Li te answit reyalizatris espò nan Televizyon Nasyonal Dayiti, kote li pase plizyè lane ap bay konpetans li nan domèn teknik sila a.
Madam Faubert te mouri nan lannwit mèkredi 10 pou louvri Jedi 11 jen an, aprè li te pase yon bon tan ap soufri ak yon maladi. Li te gen 64 lane.











