MAEC/ Rencontre entre la ministre et le secrétaire général de l’OEA

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis afè etranjè ak kilt la, Raïna Forbin chita pale avèk sekretè jeneral OEA, Albert Ramdin.
Rankont sa pèmèt 2 responsab yo echanje sou sitiyasyon aktyèl peyi a, dosye ki gen rapò ak tranzisyon an, kolaborasyon ant OEA epi gouvènman an, pou n site sa yo sèlman.

Nan okazyon an, minis Forbin reyitere volonte gouvènman ayisyen an pou òganize eleksyon k ap mennen peyi a nan lòd demokratik.

Sou bò pa l, Albert Ramdin pwomèt pou kontinye akonpaye gouvènman an nan peryòd enpòtan sa a.

2 pati yo antann yo pou kontinye kolaborasyon nan lide pou kreye stabilite, ranfòsman leta a epi retou dirab ak lòd konstitisyonèl la.

Retour en haut