MCFDF/Atelier de restitution du processus d’élaboration du Plan d’action nationale

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm òganize, vandredi 26 jen 2026 la, yon atelye restitisyon sou pwosesis elaborasyon premye Plan Aksyon Nasyonal (PAN) Ayiti pou aplikasyon Rezolisyon 1325 Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki konsène fanm, lapè ak sekirite.

Nan entèvansyon li, Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan, Pédrica St Jean, fè konnen atelye sa a make yon etap enpòtan nan finalizasyon premye Plan Aksyon Nasyonal la pou aplikasyon Rezolisyon 1325 lan.

Daprè minis lan, inisyativ sa a pral pèmèt yo mete anplas yon kad estratejik pou ranfòse patisipasyon fanm yo nan prevansyon ak rezolisyon konfli, konsolidasyon lapè, pwoteksyon kont tout fòm vyolans, epi ankouraje prezans yo nan tout nivo kote desizyon ap pran.

Retour en haut