ONAPE / Lancement des Vendredis du partenariat
3 hours ago
Direksyon jeneral Ofis Nasyonal patenarya nan edikasyon (ONAPE) òganize yon pwogram ki pote non « vandredi patenarya », 26 jen an, nan Petyonvil.
« Alignement des projets éducatifs aux priorités nationales », se sou tèm sa aktivite a dewoule.
« Vandredi partenarya » se yon Rankont echanj stratejik ki reyini prensipal aktè nan sektè edikatif la nan lide pou ranfòse kowòdinasyon entèvansyon yo.
Li vize tou konsolide koperasyon ant patnè yo pou fè pwomosyon yon pi bon aliyman nan inisyativ edikatif pa rapò ak priyorite nasyonal yo.










