MENFP / Examens d’Etat 2026 Conférence de lancement

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse tout dispozisyon deja pran pou òganize egzamen ofisyèl 9èm ane Fondamantal yo pou ane 2026 la.

Egzamen sa yo pral dewoule soti lendi 29 jen pou rive jedi 2 jiyè 2026, sou tout teritwa nasyonal la.

Daprè chif ministè a bay, 186 mil 748 kandida enskri pou patisipe nan egzamen 9èm Ane Fondamantal yo.

Pou lòt egzamen ofisyèl yo, genyen 2 mil 368 kandida pou ENI, 204 kandida pou ENI-CAPIS, ak 529 kandida pou CEF. Sa fè yon total 189 mil 849 kandida ki pral patisipe nan egzamen Leta semèn sa a.

Statistik yo montre 53.46 pou 100 kandida yo se fi, tandiske 46.54 pou 100 se gason. Chif sa yo montre yon to patisipasyon enpòtan tifi yo nan sistèm edikatif la.

Retour en haut