Mme. Raina Forbin participe au dialogue ministériel de l'OCDE sur l'Amérique latine et les Caraïbes
2 hours ago
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raïna Forbin, patisipe nan dyalòg ministeryèl òganizasyon koperasyon ak devlopman ekonomik (OCDE) sou Amerik Latin ak Karayib yo ki dewoule nan vil Madrid nan peyi Lespay premye jiyè 2026 la.
Diskisyon yo dewoule sou gouvènans, kwasans ekonomik, envestisman, inovasyon, rezilyans ak devlopman dirab.
Patisipasyon Ayiti montre volonte gouvènman an pou ranfòse dyalòg ak patnè entènasyonal yo nan lide pou kapab devlope yon diplomasi ekonomik aktiv.
Yon demach ki vize mobilize apui kominote entènasyonal la nan kad jefò pou retabli sekirite, yon fason pou eleksyon kapab rive fèt nan peyi a, ranfòse enstitisyon yo, remanbre ekonomi an epi kreye opòtinite pou jenès la, daprè yon kominike responsab yo mete deyò.











