FMP / Relocalisation de HUEH /Marche des étudiants

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Etidyan Fakilte Medsin, Famasi ak Lekòl Byoloji Medikal ak Optometri ki nan Invèsite Leta òganize, mèkredi premye Jiyè 2026 la, yon mach pasifik nan lari Pòtoprens pou mande relokalizasyon ak reyouvèti Lopital Inivèsite Leta Dayiti anpil moun konnen sou non Lopital jeneral.

Etidyan yo mande otorite yo nan pi wo nivo leta a pran dispozisyon pou relokalize lopital jeneral ki pa fonksyone depi kèk tan.

Etidyan yo fè konnen y ap kontinye mobilize jiskaske otorite yo tande vwa yo.

Retour en haut