Conjoncture /M’PARE / Réaction sur la crise
3 hours ago
Sekretè jeneral estrikti politik ki pote non “M’PARE” a, Nadia Valéry Victor, eksprime gwo enkyetid li fas ak konjonkti sosyopolitik ak sitiyasyon sekiritè peyi a.
Nan yon nòt pou laprès li rann piblik, mèkredi premye jiyè a, Madam Victor lanse yon apèl pou yon dyalòg ki dwe rasanble tout sektè lavi nasyonal la, nan objektif pou jwenn yon solisyon dirab epi mete peyi a sou chemen estabilite.











