Participation du Premier ministre à la cérémonie marquant la fête nationale des Etats-Unis

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé patisipe, jedi 2 jiyè a, nan seremoni pou make 250èm anivèsè endepandans peyi Etazini.

Se nan rezidans chaje dafè ameriken akredite an Ayiti a, Henry Wooster, aktivite sa dewoule.

Yon moman istorik pou 2 nasyon yo ki, selon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, bay valè ak nosyon libète ak souverènte.

Chèf Gouvènman an, ki t ap pote salitasyon pèp ayisyen an nan aktivite sa a, ankouraje solidite nan lyen ki ini 2 pèp yo pandan l swete pwosperite pou pèp ameriken an.

Retour en haut