Le Premier Ministre porte la voix d’Haïti au 51ᵉ Sommet de la CARICOM

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap patisipe nan 51e reyinyon òdinè chèf Leta ak gouvènman nan Kominote Karayib la (CARICOM) k ap fèt Sainte-Lucie soti 5 pou rive 8 jiyè 2026.

Plizyè pèsonalite te patisipe nan lansman seremoni an tankou sekretè jeneral CARICOM lan, Carla Barnett ak prezidan sòtan an, Dr Terrance Drew, ki se Premye minis Saint-Kitts-et-Nevis ki pase prezidans lan bay Premye minis Sainte-Lucie, Philip J. Pierre.

2 dirijan sa yo pale sou nesesite pou ranfòse inite, solidarite ak konsètasyon nan rejyon an yon fason pou yo kapab fè fas ak defi y ap rankontre yo.
Prezidan CARICOM lan mande manm òganizasyon an pou yo travay nan lide pou leve defi ki gen pou wè ak sekerite, batay kont kriminalite transnasyonal, rezilyans klimatik, sekirite alimantè epi devlopman ekonomik.

Patisipasyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé lan nan somè sa a montre CARICOM gen anpil enpòtans pou Gouvènman an epi reyafime volonte peyi Dayiti pou ranfòse koperasyon l ak peyi nan rejyon an, dapre yon kominike Primati repiblik la mete deyò

Retour en haut