Ministre Raina Forbin et le ministre des affaires étrangères et de la fonction publique du Bahamas
2 hours ago
Minis afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, ki akonpanye Premye minis Alix Didier Fils-Aimé nan 51e asanble chèf Leta ak Gouvènman peyi Caricom yo, chita pale ak Minis afè etranjè ak fonksyon piblik commonwealth Bahamas la, Frédéric A. Michell.
Echanj yo pandan rankont sa te chita sou ranfòsman koperasyon bilateral 2 peyi yo. Nan okazyon an, Mitchell fè konnen Bahamas ap sipò efò gouvènman pou retabli sekirite ak pou reyalizasyon eleksyon yo.
Li pwofite tou renouvle apui l ak renouvelman manda fòs represyon gang yo , eleman esansyèl pou stabilize Ayiti ak ede nan lapè nan rejyon an.
2 Minis yo, antann yo pou pouswiv ak ranfòsman koperasyon ant Ayiti ak Bahamas, espesyalman nan domèn sekirite sou lanmè a, mobilite ak devlopman rejyonal nan lespri solidarite ki fè kominote karayibeyèn nan.











