Assassinat de Jovenel Moise / 5 ans après / Réaction de l’ancienne Première dame, Martine Moise
2 hours ago
Ansyèn Premyè dam Martine Moïse kontinye denonse sa li rele enpinite ki antoure asasina mari li, ansyen Prezidan Jovenel Moïse, ki te mouri asasine nan nuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, lakay li, nan Pèleren.
Senk ane apre trajedi sa a, Martine Moïse deklare gen plizyè moun ki te patisipe dirèkteman oswa endirèkteman nan konplo ki te mennen nan asasina ki poko janm reponn devan lajistis.
Li mande pou ankèt la fèt san paspouki epi pou tout moun ki enplike, kèlkeswa fonksyon oswa enfliyans yo, rann kont devan lalwa.
Ansyèn Premyè dam nan fè konnen fanmi an ak pèp ayisyen an toujou ap tann verite ak jistis. Dapre li, reta ki genyen nan dosye a montre feblès sistèm jidisyè a epi li ankouraje otorite ayisyèn yo pou pran mezi ki nesesè pou pousuit dosye a











