PNH / Arrestation d’un inspecteur de police pour ses liaisons présumées avec un gang
juillet 13, 2026 5:44 pm
Rubenson Elce, se non yon enspektè polis, ajan brigad rechèch (BRI) direksyon santral Polis jidisyè (DCPJ) arete 30 jen 2026, akoz li ta nan konplisite ak gang kriminèl ki pa sispann teworize popilasyon an.
Se direksyon kominikasyon PNH la, ki anonse arestasyon an, nan yon kominike vandredi 10 jiyè a, kote l presize enspektè a te nan 18e pwomosyon PNH la. Se nan Pèlerin 5 nan Komin Petyonvil lapolis arete l.
Lapolis kraze tou yon gang ki espesyalize nan zak kidnapin ak kase kay moun nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.











