Le Premier ministre reçoit l’écrivain Dany Laferrière, membre de l’Académie française

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé resevwa, jedi 16 jiyè a, ekriven Dany Laferrière ki se manm akademi Fransèz.

Chèf gouvènman an nan okazyon an salye pakou eksepsyonèl akdamisyen an, ki daprè li dwe enspire plizyè jenerasyon. Li pwofite tou salye travay Dany Laferrière ki kontribye depi plizyè lane nan fè reyone imaj peyi a sou plan entènasyonal.

Pandan resepsyon sa, echanj yo te chita sou potansyèl kiltirèl ak entèlektyèl pèp ayisyen an, wòl inivèsite a nan konsolidasyon memwa nasyon an.

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé reyafime angajman gouvènman an pou kontinye ranfòse pasrèl ki egziste ant leta ak dyaspora.

Retour en haut