MENFP / Bac technique Précisions de Miguel Fleurijean
2 hours ago
Direktè ansèyman segondè nan Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Miguel FLEURYJEAN, pote presizyon, jedi 16 jiyè 2026 la, sou egzamen ofisyèl Leta yo sou bak teknolojik la. Selon li sa pral ede jenès la sòti ak yon diplòm pwofesyonèl epi y ap ka fè suivi ak diplòm inivèsitè.
Li ankouraje otorite konsène yo kontinye akonpaye lise teknik yo ki nan kèk depatman nan peyi a.











