30e anniversaire du GIPNH/SWAT : l’esprit de corps au service de la sécurité nationale
17 hours ago
Nan okazyon 30èm anivèsè Gwoup entèvansyon Polis nasonal Dayiti ki rele tou GIPNH-SWAT, premye minis Alix Didier Fils-Aimé salye òganizasyon konpetisyon ki pote non LIKAN-KOMANDO. Konpetisyon sa te reyini manm inite spesyalize nan lapolis la, tankou Gad kot, CIMO, USPM, USGPN epi POLIFRONT.
A travè inisyativ sa, chèf gouvènman an salye jès sa ki vle mete an valè koyezyon, disiplin ak ekselans ki ini diferan fòs sekirite PNH la.
Se inite USPM, ki afekte nan Primati, ki ranpòte konpetisyon an. Alix Didier Fils-Aimé felisite manm inite sa pou pèfomans li, ki daprè li, onore nasyon an, pandan li reyafime volonte l pou tabli sekirite nan peyi a.











