JAVAG HAÏTI / Plaidoyer pour les jeunes des quartiers défavorisés
113 minutes ago
« Jèn an aksyon pou yon avni pi gran pou Ayiti” (JAVAG HAÏTI) fè pledwaye pou jèn yo, espesyalman sila ki nan zòn defavorize yo aprann metye pou kontrekare fenomèn banditis lan nan peyi a.
Prezidan estrikti sa, Albert Antoine di li pare pou kontinye fòme jèn sa yo gratis nan divès domèn tankou : karelaj, plonbri ak lang etranjè.
Nan sans sa, li di l disponib pou resevwa kolaborasyon sitwayen ki vle kontinye sipòte pwojè sa epi l mande leta bourad pou l ka kontinye ede jèn yo nan peyi a.











