MCC / Nouvelles dispositions à l’occasion des élections
117 minutes ago
Nan yon nòt li mete deyò lendi 27 jiyè a, Ministè Kilti ak Kominikasyon fè piblik la konnen, nan tèt kole ak sèvis santral li yo epi enstitisyon ki sou sipevizyon li yo, pran dispozisyon, pou enplemante dekrè elektoral 2 jen 2026 la ki modifye ak dekrè 2 jiyè a.
Nan sans sa a, ministè a mete sou pye :
Yon pwogram nasyonal pou ankouraje sans sivik ak sansibilize popilasyon an sou edikasyon elektoral, daprè atik 200 dekrè Elektoral la.
Ministè Kilti ak Kominikasyon ap Fasilite kandida yo jwenn ekstrè akt nesans yo nan Achiv Nasyonal Ayiti, sou tout teritwa Repiblik la, daprè atik 153 Dekrè Elektoral la.
Toujou daprè nòt la, ministè a Kreye yon inite planifikasyon pou òganize distribisyon tan antèn regilye sou medya leta yo pou tout kandida, pati politik, gwoupman ak regroupman Konsèy Elektoral Pwovizwa apwouve yo, daprè atik 201 Dekrè Elektoral la.
Ministè a ap veye pou tout medya piblik ak prive respekte entèdiksyon ki anpeche denigre oswa joure advèsè politik yo, ni fè deklarasyon seksis kont yo, daprè atik 207 Dekrè Elektoral la.
Ministè Kilti ak Kominikasyon an ap kontwole pou medya yo respekte dat fen kanpay elektoral la epi pou yo pa pibliye okenn prediksyon elektoral ni rezilta pasyèl, daprè atik 217 Dekrè Elektoral la.
Ministè Kilti ak Kominikasyon reyafime angajman li pou kontinye akonpaye pwosesis elektoral la, pandan li respekte endepandans enstitisyon an.











