Le gouvernement reçoit une délégation parlementaire américaine de haut niveau au Palais National

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé resevwa, lendi 27 jiyè a, yon delegasyon komite afè etranjè chanm reprezantan peyi Etazini.

Echanj yo te chita sou dosye ki konsène sekirite, ranfòsman enstitisyonèl, gouvènans, koperasyon bilateral ak eleksyon.

Se te okazyon pou chèf gouvènman an, mande yon lòt fwa, sipò entènasyonal la, yon sipò ki chita respè, solidarite ak demach pou mennen nan etabli aksyon k ap pèmèt yo restore stabilite, konsolide Leta ak reyalize eleksyon.

Manm delegasyon an te pwofite pou felisite ansanm jefò gouvènman an epi kalite dyalòg ki egziste pandan yo antann pouswiv yon patenarya sere ak Ayiti.

Yon rankont ki temwanye konfyans relasyon ant Ayiti ak Etazini ansanm ak volonte tèt ansanm pou ranfòse koperasyon stratejik nan sèvis lapè, stabilite ak devlopman dirab.

Retour en haut