Aquin / Le Premier Alix Didier Fils-Aimé inaugure une école

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki te gen ak li minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Vijonet Demero, inogire jedi 13 out la, travay rekonstriksyon lekòl Batis Melinette, nan komin Aken.

Pou kounya lekòl sa pare pou resevwa nan pi bon kondisyon elèv ak pwofèse pou nouvèl ane skolè a.

Lekòl Batis Melinette la te kraze nan tranblemantè 14 out 2021 pase a epi tap fonksyone avèk difikilte.
Rekonstriksyon lekòl sa, reprezante yon senbòl espwa ak envestisman nan avni peyi a, daprè Alix Didier Fils-Aimé.

Chèf gouvènman te pwofite nan okazyon an vizite diferan espas etablisman eskolè a epi ankouraje jèn pou pran chemen lekòl pandan l yo mande pou al enskri nan rejis elektoral la, sa k ap pèmèt yo oryante yo pi byen.

Retour en haut