ONAPÉ / Vendredi du partenariat
3 hours ago
Ofis nasyonal pou patenarya nan edikasyon (ONAPE) nan tèt kole ak patnè l yo òganize dezyèm edisyon aktivite ki pote non «vendredi du partenariat ».
« Ensemble pour une rentrée scolaire 2026-2027 réussie », se anba tèm sa aktivite a dewoule vandredi 21 out la nan lide pou mobilize tout patnè yo sosu rantre lekòl la.
Direktris jeneral ONAPÉ, Stéphanie Paultre, eksprime angajman gouvènman bò kote popilasyon an nan moman rantre lekol la.
Sou bò pal, reprezantan UNICEF la nan aktivite esplike dispozisyon ki deja pran nan preske 10 depateman peyi a pou rantre lekòl la pou ane akademik 2026-2027 la.











