Massacre à Kenscoff / Réaction de Mgr Pierre André Dumas

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Evèk Ansavo-Miragwàn lan, Monseyè Pierre André Dumas, kondane atak gang ame yo sou popilasyon Kenskòf la, nan lannuit dimanch 23 pou louvri lzndi 24 out 2026 la kote plizyè dizèn moun pèdi lavi yo, aloske plizyè lòt disparèt.

Bandi yo boule plizyè kay, touye anpil bèt epi detui anpil byen nan mitan vil kenskòf.

Monseyè Dumas mande Premye minis lan ak tout gouvènman an pran responsablite yo pou mete sekirite nan peyi a, patikilyèman nan komin Kenskòf.

Evèk la raple pou tout moun jwenn sekirite, pou Leta pwoteje lavi sitwayen yo. Monseyè Pierre André Dumas, deklare li lè li tan pou gen yon bout nan masak ak zak kidnapin k ap fèt yo nan peyi a.

Retour en haut