Massacre à Kenscoff / Réaction de certaines organisations de défense des droits humains
118 minutes ago
Disvès responsab òganizasyon k ap defann dwa moun, tankou Kolektif defansè Plis, denonse masak gang kriminèl yo fè, dimanch 23 pou louvri madi 24 dawout 2026 la, sou popilasyon Kenskòf, kote plizyè dizèn moun mouri, divès lòt blese epi bandi yo kidnape 17 lòt.
Militan dwa moun yo mande otorite yo pran tout dispozisyon pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo epi pou zak sa yo pa repete ankò nan peyi a.











