KAEF/ Graduation d’une nouvelle promotion de journalistes

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Sant Animasyon, Edikasyon ak Fòmasyon an Ayiti (KAEF) nan tèt kole ak Federasyon Ayisyèn Medya ak Jounalis pou Defans Dwa Moun gradye premye pwomosyon li nan jounalis miltimedya, dimanch 30 dawout 2026 la, nan Petyonvil.

Sou 37 etidyan ki nan pwomosyon sa ki pote non METANOIA, se 10 sèlman ki rive gradye, dapre direktis KAEF la Charline Joseph ki presizye etidyan yo te swiv kou tankou redaksyon, montaj videyo, ak fotografi.

Stephanie Mentor, youn nan gradye yo fè konnen sitiyasyon an pat fasil pandan 18 mwa fòmasyon an akoz pwoblèm ensekirite ak kriz ekonomik etidyan yo t ap konfwonte.

Retour en haut