UHM / Passage d’une onde tropicale / Précision de Marcelin Esterlin

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Kòdonatè Inite idwometeolojik Ayiti a, Marcelin ESTERLIN pote presizyon lendi 31 dawout 2026 la, sou ond twopikal, 4e sistèm ki fòme pou sezon siklonik la ki pote non Dolly. Li pa vrèman reprezante yon danje pou peyi Dayiti. Toutfwa, pa rapò ak vilnerabilite peyi a, yo oblije mete alèt jòn sou plizyè depatman nan peyi a, tankou depatman Lwès, Sid, Sidès, Latibonit ak Sant.

Marcelin ESTERLIN ankouraje tout manm nan popilasyon an kontinye tande enfòmasyon ki gen rapò ak meteyo, yon fason pou yo ka sove lavi ak byen yo.

Retour en haut