CEP / Vote de la diaspora / Rencontre avec Affaires mondiales du Canada
2 hours ago
Nan kad yon misyon nan Kanada pou eksplore posiblite pou mete sou pye vòt Ayisyen k ap viv aletranje yo, yon delegasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa kit te gen ladan l secretè jeneral la Peterson Pierre-Louis, trezorye CEP a, Nemrod sanon, konsyè schnaida Adely ak chaje dafè anbasad ayiti nan Otawa, Francoise Suzan, chita pale ak responsab ministè Afè Mondyal Kanada sou pwosesis elektoral la.
Pandan echanj yo, patisipan yo te pale sou ranfòsman koperasyon nan kesyon elektoral ant Ayiti ak peyi Kanada.
Diskisyon yo te chita tou sou dispozisyon enstitisyonèl, teknik ak lojistik ki nesesè pou òganize vòt pou Ayisyen k ap viv Kanada yo, ansanm ak divès mekanis ki kapab fasilite patisipasyon yo nan pwosesis elektoral la.
Rankont sa a antre nan kad konsiltasyon KEP a ap mennen ak peyi ki gen gwo kominote ayisyen yo, nan objektif pou egzamine kondisyon ki nesesè pou mete an plas yon eksperyans pilòt sou vòt dyaspora a.
Delegasyon KEP a te patisipe tou nan yon lòt rankont ak responsab enstitisyon elektoral nan Kanada. kote delegasyon an prezante prensipal oryantasyon ki deja reteni nan kad preparasyon eleksyon yo.
Delegasyon an KEP an te pwofite pataje eksperyans Kanada nan òganizasyon eleksyon, sitou sou kesyon aksesibilite, idantifikasyon elektè yo, ansanm ak dispozitif ki kapab garanti entegrite ak transparans vòt la.











