CEP / Vote de la diaspora / Visite d’une délégation au Chili et au Brésil
2 hours ago
Yon delegasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa ki gen ladan Vis-Prezidan an, Jaccéus JOSEPH, Konseye Patrick SAINT-HILAIRE ak Konseye Marie Florence MATTHIEU, antame yon vizit depi 18 dawout 2026 nan peyi Chili ak Brezil, nan kad demach k ap fèt pou eksplore posiblite pou mete an plas vòt Ayisyen k ap viv aletranje yo, epi ranfòse koperasyon nan domèn elektoral ant Ayiti ak 2 peyi sa yo.
Nan peyi Chili, manm delegasyon an patisipe nan plizyè rankont travay enpòtan kote yo te chita pale ak Minis Afè Etranjè peyi Chili a sou posiblite koperasyon nan domèn elektoral, Fòmasyon manm pèsonèl elektoral la, ranfòsman enstitisyonèl, ansanm ak pataj eksperyans ak bon pratik nan òganizasyon vòt dyaspora a.
Pandan okazyon an, Ministè Afè Etranjè peyi Chili a pran angajman pou travay ansanm ak Sèvis Elektoral Chili a pou kontribye nan konkretizasyon koperasyon sa a avèk Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a.
Seri rankont yo te rapouswiv ak manm gouvènman Chili a ak reprezantan Sèvis Elektoral Chili a. Diskisyon yo te konsantre sitou sou fason pou òganize pwochen eleksyon yo, espesyalman sou kondisyon ki nesesè pou Ayisyen k ap viv Chili yo kapab patisipe nan eleksyon yo.
Apre chili, delegasyon an te rann li nan peyi Brezil toujou nan lide pou fasilite patisipasyon dyaspora ayisyen an nan pwosesis elektoral la epi ranfòse mekanis koperasyon avèk enstitisyon elektoral lòt peyi yo











