Primature/ Signature du prolongement de la loi HOPE/HELP
107 minutes ago
Gouvènman ayisyen an, salye desizyon otorite amerikèn yo pran pou pwolonje lwa HOPE/HELP la jis rive nan lane 2028.
Rezolisyon sa, ki siyen 3 septanm lan, ap rive nan bout li 31 desanm 2028 la.
Desizyon sa reprezante yon nouvèl enpòtan pou ekonomi ayisyèn nan, espesyalman pou sektè tekstil la, daprè yon nòt gouvènman an mete deyò.
Nan okazyon an, gouvènman an remèsye administrasyon Trump lan ak lòt aktè ki te kontribye nan rann desizyon sa posib. Se yon akt ki temwanye sipò peyi Etazini nan devlopman ekonomik peyi Dayiti, daprè sa Primati fè konnen.











