ADIH / Réaction sur la prolongation d la loi HOPE/HELP
2 hours ago
Asosyasyon Endistri Dayiti (ADIH) salye desizyon administrasyon amerikèn nan pran pou renouvle jiska 31 desanm 2028 lwa HOPE / HELP la.
Siyati renouvèlman sa rive aprè adopsyon l nan chanm reprezantan 1er septanm 2026 pase a.
Daprè ADIH li reprezante aboutisman anpil travay ki te tanmen avan seri vòt 2 branch palman ameriken an, daprè yon kominike Asosyasyon an mete deyò.
Asosyasyon Endistri Dayiti raple non renouvèlman lwa Hope la te lakòz 40 mil djòb pèdi nan sektè tekstil la an Ayiti.
Se yon aksyon ki vin louvri plis opòtinite, selon ADIH ki pwofite remèsye ansanm enstitisyon ki kontribye pou rann nouvelman posib











