Visite d’évaluation du Ministre Emmanuel Ménard sur le site historique du Palais Sans Souci
119 minutes ago
Minis kilti ak kominikasyon an, doktè Emmanuel Ménard, Ki te gen ak li, direktè jeneral Enstiti sovgad patrimwàn nasyonal la, Patrick Delatour ak direktè rejyonal Nò ISPAN an, Neat Achil, fè yon vizit sou sit Palè San Sousi, dimanch 6 septanm 2026 la.
Vizit sa rantre nan kad yon evalyasyon aprè lapli ak van ki te kraze kèk mi nan Palè San Sousi, 31 dawout 2026 la.
Minis Kilti ak kominikasyon an fè konnen gen entèvansyon ki pral fèt rapid sou sit istorik sa.











