Election /Lettre ouverte de l’ex-député Jerry Tardieu au Conseil Électoral Provisoire

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ansyen depite Petyonvil la, Jerry Tardieu, ekri prezidan Konsèy elektoral pwovizwa a, sou patisipasyon moun k ap viv nan dyaspora a, nan eleksyon ki gen pou fèt yo.

Nan lèt sa a, ansyen palmantè a raple koneksyon ki genyen ant manm dyaspora a ak peyi yo.

Selon Jerry Tardieu, òganizasyon vòt manm nan dyaspora a reprezante yon gwo defi administratif, men li merite yon tretman spesyal sitou ak dilijans Ofis nasyonal idantifikasyon, ministè ayisyen k ap viv lòt bò yo ak reprezantasyon diplomatik yo.

Fas ak avanse yo ki parèt anreta, Jerry Tardieu kwè li nesesè pou CEP a pibliye yon dispozitif operasyonèl klè sou fason dyaspora a ap patisipe.

Lidè pati politik « En Avant » ankouraje yo itilize lokal kèk anbasad ak konsila pou mete sant enskripsyon vòt yo.

Yon demach ki, daprè li, fè pati preyokipasyon ak reklamasyon manm nan dyaspora a nan chwa dirijan kap genyen pou pran desten peyi a.

Retour en haut