ODEZA / Présentation d’un nouveau comité
101 minutes ago
Òganizasyon pou defann eritaj Zansèt yo prezante yon komite ki rasanble plizyè antite nan lavi nasyonal la, nan objektif pou òganize yon gwo seremoni omaj nan memwa anperè Jan-JaK Desalin, fondatè nasyon ayisyèn nan.
Inisyativ sa a vize onore memwa ewo nasyonal la epi raple jenerasyon aktyèl la enpòtans eritaj istorik ak patriyotik li kite dèyè yo.











