Environnement / Présentation du Catalogue « Haïti Sauvage » de Rene Durocher
110 minutes ago
« Haïti Sauvage » : se non yon katalòg fotografik ak syantifik ki konsakre ak espès epi abita natirèl peyi a. Inisyativ sa a ap chèche sansibilize piblik la sou nesesite pou pwoteje anviwònman an, pandan l ap prezante Ayiti anba yon lòt ang, atravè patrimwàn ekolojik li.
Elèv, etidyan, pwofesè, chèchè, pwofesyonèl nan domèn anviwònman ak tout lòt moun ki enterese nan lanati, kapab jwenn enfòmasyon nan piblikasyon sa.
Avèk 174 espès ak abita natirèl ladan l, « Haïti Sauvage » vle tounen plis pase yon senp katalòg, selon otè a, René Durocher ki te nan mikro Fedener Confident ak Jean Fleury.











